Poèm pou Ayiti

POÈM POU AYITI


M pa vle moun wè nan pap kraze peyi m.
Lè pou yon vè lanp pap kraze, konnen l deja tonbe : pa kraze l se yon kout chans. «Vè lanp lan pap kraze ! » Se yon rezilta nap espere, se gade nap gade pou n wè ; malgre tout volonte n se asiste n ka asiste l men li deja pran yon move pant tankou yon machin ki pèdi fren chofè a ap chèche yon wòch ki pou kore l oubyen yon chouk bwa, tout pasajè abò ap priye, bat tèt yo tankou moun fou oubyen jete kò yo nan fenèt. Yo tout ap gade pou wè, moun sou wout ap tann, yo tout wè aksidan kan menm, men yo ta renmen pou machin nan pa kraze.
M pa vle moun wè nan pap kraze peyi m. Peyi m pa nan move pant e li pa pèdi fren. Gade nou byen pou wè. Pa kanpe anlè pou w ap bay ti kout je nan iblo avyon w, se kout je oblik : wap wè pant ; pa kanpe byen lwen pou wap devine sa kap pase, ou ka fè w ilizyon : wap wè pant ; pa kouri kite nou dèyè pou w ap voye ti kout je rapid sou zèpòl ou tankou fanm ki fenk fiyanse kap twaze jenn gason, san l pa pran tan gade ki kalite nèg kap file l la, si w ap kouri ou ka wè n nan pant ; pa pran ti chèz ba w pou gade, ou ka pran n pou sa n pa ye, ou ka wè wout la pi wo pase je w : wap wè pant.   
Si ou kanpe pou gade, si ou pran san w byen gade, si ou pwoche pou w vin gade, si ou desann vin wè sa kap pase, wap wè peyi m s’on kamyon Dieu qui décide tou nèf ki sou yon wout difisil. Ann pa fokis sou wout la : nou ladann lontan ; ann pa fokis sou chofè a : li pa gen entèrè kraze tèt li ak tout machin nan, epi se nou ki kite l kondui. Ann fokis sou machin nan.

Gade byen pou wè. Moun ki konn machin di s'on bon Mack. Li gen bon fren. Motè l anfòm. Li solid. Li konfòtab. Li agreyab. Li bèl. Eks… Ou menm, ki sa w wè ? Pasajè, pa janm bliye ki kalite machin ou moute a, si w gade byen machin nou an pa pi mal pase yon lòt, okontrè li pwouve tout fòs li, tout kalite l nan move wout ; e si l te nan bon wout ? Se pa fòt machin nan si nou menmen l sou move wout. Se pa fòt chòfe a si nou pa di l kibò nou vle ale : se pou nou chita pou nou dakò epi di klèman ki kote nou vle ale ; se pou nou pran chofè ki konn bon wout la ; se pou nou sipòte nou youn lòt nan vwayaj la ; se pou nou pwoteje machin nan pou n pa sal li, pa kraze li, pa vèni li pou l ka menmen n kote nou vle ale a.
Lòt machin ki pran devan n yo pa sou menm wout ak nou. M pa vle moun wè nan pa kraze peyi m. Nou pa pèdi fren nan pant rèd. Nou sou yon wout difisil depi dik dantan men nou gen yon bon machin. Nou jis bezwen chwazi kote n vle ale. Nou jis bezwen pran yon lòt wout. Nou jis bezwen pran koub la : men nap gade bon wout la paralèl ak pa nou an .
Wêchévains
18 me 2012

Commentaires

Articles les plus consultés