DERANDAN POU EGZÒSIZE MALÈ
Anlagan, tankou
tout moun ki gen lizay, James Saint-Félix tou louvri baryè ba nou antre: mo
andebandad, dloje, zantray latè. 3 pis sa yopèmèt nou suiv misye. Si n ajoute
yon seri imaj ensolit tankou: m kache
dèyè tèt mwen, lonbray pèdi nanm, souri kimen feblès, solèy mouri mò
kangrennen, nou gen yon lide klè sou pwojè rekèy poèm DERANDAN poèt la fenk
pibliye kay Editions Perle Des Antilles.
Mo andebandad
Poèt la pa
envante mo tankou anpil lòt powèt jenerasyon li an fè. Sa montre konfyans li nan lang kreyòl la. Anba plim misye, mo nou
konnen yo vin tou nèf. Se kòmsi se pa menm sa ki nan diksyonè a. Yo fè
kolizyon, yo sonnen yon lòt jan, yo pran lòt koulè epi yo vin pi rich. Pwezi se
sèl kote rankont se yon vrè pataj : pa gen mo ki gen prejije, yo tout toke
kòn yo oubyen met tèt ansanm pou yo jwe, di sa ki nan kè yanm, voye bote
reyalite a nan je nou tankou gede kap pran piman. Poèt la metrize poèm lan, li
fè sa l vle ak mo yo. Men devan sa je li founi gade, devan san kap koule, sèkèy
kap marye, devan bèk kap pouse djòl, mo yo andebandad, mo yo pèdi nanm, mo yo
zonbi : Yon bann mo/San tèt ni kò/Pèdi
très/Naje sou dlo je/Pou tonbe nan zantray latè
Mo yo andebandad, yap kouri jete yo.
Ti rès ki rete a, fèy
kouvri sa. Men yo pèdi bann tou. Pwezi pèdi eskanp. Kisa mo yo ka fè? Mo
pouri ra sou pye? Powèt yo de ran dan, de ran je, de ran larim… devan yon peyi djanni, yon peyi mò santò, yon peyi
founda.
Dloje
Sitiyasyon sa a bay dloje.
Deskripsyon Pòtoprens imedyatman apre tranblanntè 12 janvye a pa montre diferans
ant sa vil la te ye anvan evènman an ak sa li ye kounye a. Moun ki te konn
Pòtoprens kote solèy te toujou ap lote
san pap fin kwè te gen yon katastwòf ki te touye 300.000 moun nan vil la. Latè kouri anba pye n /Ak dlo nan je/Lanmò
file zepeng/Lavi rèd sou do. Sitiyasyon an pa chanje malgre kout milya dola
ki debloke pou rekonstriksyon. Anyen pa ta. Boudanini. Bagay sa a bay san sou po je.
Pandanstan, pouvwa ap vale san kraze. Avadra nan tchou
leta simen mizè marasa. Mouche leta bliye pòch li nan men letranje. Ay! Lè yon
nonm pèdi bann li pete rèl anmwey tankou kòk ki pèdi zepon l. Men dloje n pap
sifi pou netwaye latè…
Zantray latè
Twazyèm pis powèt la ba nou an se eleman
espirityèl sa a, orijin ak sèkèy tout nanm kap viv: yon ponyen tè. Yon priz tè
ki paka fè anyen pou nou sinon siyen lanmò nou. Eleman espirityèl sa a sanble tou delala. Latè
benyen san. Latè kouri san pye, san sèvèl. Latè neye. Dloje gen lè gen rezon
sou latè: Rèv mwen pann sou dlo/Somèy
mouri mò tranble. Van gate bagay la. Latè grennen pwent. Latè an
venglendeng.
Malgre tou, se sou latè nou ka konte;
lesyèl twò lwen. Se latè
nou genyen, se li ki pa nou, ki pap janm kite n tonbe. Men kisa latè rete apre tout sakad sa yo? Kisa
ni van, ni dlo pa ka kraze brize? Okenn fè pa ka koupe? Okenn tranblanntè ni
tsounami ni rechofman klimatik ni siklòn pap ka touye antere nan sèkèy? Fred
Edson Lafortune, prefasye rekèy la, jwenn repons lan nan li liv la: “lanmou se sèl bagay ki ka fè gwo ponyèt
wondonmon gwo bibit ak lanmò.” Nan zantray latè, si nou grate byen, nap
jwenn yon fanm ak yon nonm byen kachte. Se lanmou kap sove nou. Se lanmou nan kè nou
kap mete mo nan bouch pwezi. Jou nou va louvri zantray latè chak nanm va pran jès, souri va kimen feblès.
Estil
Si w tap li tèks sa a byen, ou gen
tan dekouvri imaj James Saint-Félix jwenn yo on jan biza. Si w onèt ak tèt ou,
ou ap admèt ou santi yon diferans ant misye ak plizyè lòt powèt ou konn li
deja. Men nou tout nou dwe Georges Castera Fils anpil, ou santi sa nan jan
James marinen vè li yo, kare kò li nan lang lan epi aplike konsèy poèt
sireyalis yo (cf. Pierre Reverdy, revi
Nord-Sud ; André Breton, Manifeste du surréalisme). Ou ka wè tou li on
jan raple Anderson Dovilas nan premye rekèy misye an (Pwèl nan zo). Ou ka jwenn
touch Bonel Auguste, sila ki te pibliye kokenn chenn rekèy Fas doub lanmò (2000, Ed. Mémoire). Ou ka jwenn resanblans ak anpil
lòt poèt ankò. Men Saint-Félix rete Saint-Félix. Li rive kenbe tennfas yon chan
leksikal lanmò nan tout rekèy la, yon inite tematik fò ki enspire l anpil bèl
vè ak imaj ensolit. Li plis kreye emosyon nan dekri sa l wè olye li di sa l
santi, konsa li envite chak lektè santi emosyon selon jan kè li oubyen zantray
li vibre. Pawòl misye a yon jan rendong, li mande pou w dezabiye lespri epi
ouvri kè w antre nan won toutouni ak konfyans lespri pwezi a ap soufle sou ou yon fòs lavi.
Prezantè liv la, Marcuny Billy, di: « …anndan rekèy sa a nou jwenn rit ak rityèl
vodou ayisyen an kap plòtonnen nan chak mo. » Pwen sa a matche byen ak
ilistrasyon rekèy la kote Ludovic Booz kanpe yon gede byen banda. Gede se lanmò; gede se lavi. Ewos ak
Tanatòs. De fasad menm fòs la.
DERANDAN, James SAINT-FELIX, Edisyon
Perle des Antilles, 2013
Commentaires
Enregistrer un commentaire