Tina : Lagoni yon foumi

Evette Nau, ann di pito Tina, tap viv nan lamoni
ak lanati nan mitan fanmi li an pwovens. Li pase 2 lane kè kontan lajwa lakay
matant ki pat gen pitit fi alòske manman l te gen 7. Lè li gen laj pou sa,
paran li mete l lekòl kay sè Ridore yo La Vallée. Nan epòk sa a, se te yon gwo
zafè. Li te pwomèt. Nan 4èm ane, ann di preparatwa 2, yon pwofesè li, Sè Rose,
chame tande vwa tilèzanj lan kap chante. Sè a rache li lakay paran l yo. Nan ane 1950 yo,
peyizan te nayif, yo te twò kontan jwenn chans sa a pou pitit fi yo al lavil.
Sè Rose pase tilèzanj sa a bay yon sè li Pòtòprens tankou yon tikabrit, san
enfòme paran Tina. Menm si yo te byen trete li, yo te mete li lekòl, men move
nòt li pwouve te gen pwoblèm : manzè gen tan majè, li poko ka desann sètifika…
Maladi pimpe li tounen andeyò. Lè l retounen nan kapital la, li
tonbe nan fè ladesann kay moun ak travay kay madanm. Li triminen jouk li jwenn
yon bon djòb kay Madan Doktè Polydor, ki te yon prennsès milat nan Petyonvil. Madan marye sa a te pitit Mesye
Sadrack, yon diplomat òm dafè ki te gen anpil lajan. Pozisyon mari li pat pi
mal pase sa nonplis. Prennsès sa a te gen 4 bòn, yongason lakou ak yon ti
restavèk pou limenm, mari li ak 3 pitit. Lè fanmi sa a vin kite Peyi a pou
Lèzetazini, Tina vin jwenn chans travay nan lòtèl Mesye Sadrack, papa madanm
lan. Madan Polydor fè konplo jouktan li rive fè papa l bay Tina rezidans ameriken
pou vin okipe l ak pitit li yo nan Bostonn. Se la mizè ti foumi an vin pran yon
anplè lanfè. Bòn atoufè kay madanm nan Bostonn gen lè pi mal pase restavèk nan
Pòtoprens.
Resi otobyografik sa a se yon mirak nan
literati ayisyen an. Se pa souvan wap jwenn yon moun ki sot ba konsa rakonte
listwa l nan liv ann Ayiti. Se yon temwayaj konsekan nou genyen sou tribilasyon
timoun kap viv kay moun ap pase. Tina te gen anpil anpil chans. Moun li pase
lakay yo te gen bon kè. Malgre sa, soufrans li pat piti. Alevwa pou ti restavèk
ki kay moun tankou Zoune kay marenn li (Justin Lhérisson) oubyen Ti Sentaniz
kay manman Chantoutou (Maurice Sixto) ! Sentaniz ak Zoune se pèsonaj
fiksyon de lodyansè itilize pou eseye dekri yon sitiyasyon lenjistis, men Tina
se yon temwayaj vivan. Esklavaj sa a toujou ekziste. Kilè na va pran bonjan
desizyon pou kaba krim sa yo ?
Tout moun kap dekouvri istwa Tina pap regrèt li
chedèv sa a. François Nau, ki gen tinonjwèt Ti jan, kouzen Evette Nau
Laurenceau, mete touch li nan liv sa a tou. Kouzen ak kouzin sa yo rive pwodui
yon tèks ekstraòdinè ki pa kanmarad nenpòt kil iv nan okenn lang. Li byen ekri,
avèk anpil respè pou lang ak kilti kreyòl la. Epi pèsonaj Tina a se yon ekzanp
ki bay lespwa menm jan ak istwa nenpòt gran fanm oubyen gran gason nan monn
lan.
Evains Wêche
Evette Nau Laurenceau
ak François Nau (2014). Tina. Lagoni yon
fanmi. JEBCA Editions, Etazini.
Commentaires
Enregistrer un commentaire