Ann granmoun !


Nou pap preche pito nou lèd nou la, ni nou pap ankouraje w pran kakapoul pou ze, men poze tèt ou kesyon sou tout moun kap vin di w ou pa bon, ou pa byen kanpe, ou pa konn mache, ou pa bèl, men kijan pou w ere, men kijan pou w ye, eks. Sa se pwoblèm pa li, se pa ou k pou chèche solisyon an pou li. San pouwotan nou pap neglije pran konsèy anvan nou aji.

Lasosyete gen prensip ki etabli, gen enstitisyon pou sa. Pa egzanp gen pwotokòl, gen fason pou w manje sou tab, gen fason pou w pale ak moun, gen yon jan pou w fanm, yon fason pou w gason, gen jan pou w fòme yon fwaye, gen redevans paran genyen anvè pitit, gouvènman genyen anvè pèp, prezidan gen sa l ka fè ak sa l pa ka fè… Anpil edikatè, travayè sosyal, sosyològ ak sikològ rekonèt yon moun prè pou li vin granmoun se lè li konsyan de prensip sa yo epi li chwazi lib e libè pozisyon pa li sou yo pandan li konnen ki sa kap tann li pi devan lè li deside afiche konpòtman li chwazi a (byen ou mal). Toutotan se  moun kap vin di w men kijan pou w ye, ou poko ka pran destine w an men.

Fòk nou di w tou, pa gen anpil edikatè (paran, pwofesè, pastè, pè, lidè, atis popilè, politisyen ak kominikatè) ki ta renmen ou vin granmoun. Gen yon seri privilèj yo pap genyen ankò. Lè yap mennen w, se sa yo vle ou fè ou ka fè. Moun kap mennen w lan oryante e prevwa tout fent ou, tout demakay ou, tout atitid ou, tout pozisyon w. Ou tounen pwòp pwojè pa li, lap jere w pou kontinye pwodui pou li ; pou de jou an jou ou vin eksplwatab pi fasilman. Edikatè demagòg sa yo pa konn pou kò yo. Yo menm tou yo sou kontwòl, souvan se kèk envestisè ki boss yo oubyen se yon gwoup politisyen kap pistonnen yo lè se pa vanite. Antouka, yo gen yon bagay pèsonèl yap chèche nan men w, nan ou, e fòk yo jwenn li.

Ayiti se plis pase 10 milyon bouch, 10 milyon kò, 10 milyon rèv, 10 milyon sèks, 10 milyon tèt… ki BEZWEN. 10 milyon bezwen sa yo enterese tout moun ki ta renmen tire pwofi. Se yon bon bagay pou sistèm kapitalis la. Granmoun yo konn kijan pou yo jere bezwen yo pou yo tire objektif ladan yo epi chwazi aktivite ki pou pèmèt yo satisfè bezwen sa yo san yo pa detui anyen ni pèsonn. Men lè w pa granmoun, ou tounen yon konsomatè kap gobe tout sa yo ba ou. Yo kreye bezwen pou ou, yo fè w santi w pa bon, ou mal kanpe, ou mache mal, ou lèd, ou pòv, ou pap janm anyen, eks… epi yo tou pwopoze w konpòtman kap pèmèt yo fè milyon dola ak milyon bezwen w yo.

Nèg kap kritike w la pa fouti renmen w, lap kraze w pou l monte. Nèg kap konpare w avèk li a gen yon bagay li vle vann ou, poudi w gen bezwen bagay sa a ? Ki rèv ou vrèman ? Ki kote w sòti ? Kibò w vle rive ? Ki pi bon chemen kap mennen w la ? Gade mesye dam, kale je nou tande !!! Li lè pou n grandi ; souke kò nou pou nou wè kote nou gad. Poze tèt nou kesyon sou sa nap fè la a, kounye a, nan moman sa a, kote w ye a la a menm : ESKE SE SA M TE VLE ? Sinon, kisa k mennen m la a ? Souvan repons lan ap gen anpil pou li wè ak yon bezwen yo te kreye lakay ou ki pa genyen pou l wè ak sa ou te vle vrèman, ak oryantasyon ou te vle bay lavi ou, ak rèv reyisit ou, ak sa ki vrèman esansyèl pou ou. Menm mwen ki ekri tèks sa a, se yon bezwen map kreye lakay ou. Anpasan, kisa ki pi enpòtan pou ou ?

Se kounye a ou pral kòmanse grandi !

Wêchévains, DJAB

Commentaires

Articles les plus consultés