Chicungunya ap kouri dèyè Malaria !
Mo Malaria a soti nan lang italyen, “mala’aria”,
ki vle di move zè. Se yon enfeksyon
globil wouj yo pa yon parazit yo rele plasmodyòm yon moustik femèl kategori
anofèl lage nan san yon moun pandan lap
pike li. Se yon syantifik Fransè,
Dk[1] Alphonse Laverana, ki te dekouvri
parazit sa a an 1880. Dk Ronal Ross, yon syantifik Angle li menm,
konfime se moustik ki bay moun plasmodyòm nan an 1897. Yo rele malaria palidis tou. Maladi sa a touye
1 moun sou latè chak 30 segonn.
An 1958, malarya a vin ofisyèlman
yon pwoblèm sante nasyonal ann Ayiti. Gouvènman an kreye SNEM (Service National
d’Eradication de la Malaria) pou konbat pandemi sa a. Nan kòmansman lane 1980
yo, Ayiti te prèske fin elimine malarya sou teritwa l la, men lit la vin
relache pou kesyon bidjè, maladi a reparèt pi rèd. Aktyèlman se sèl Ayiti ki
gen ka malarya nan Karayib lan. Sa enkyete anpil lòt vwazen nou yo.
Ane pase, gras ak apui kek bayè, lit
la remanbre. MSPP fòme twa fòmatè nan chak depatman sou nouvo mezi pou tretman
malarya yo. Malerèzman se kèk ti envestisman ki fèt nan kanpay pwomosyon kont
malarya : fimigasyon, distribisyon moustikè, edikasyon sanitè, fòmasyon
pwofesyonèl sante, etc. Nou poko vrèman wè enpak aktivite sa yo sou popilasyon
an.
Nan yon moman kote lit kont Malarya
a la remanbre, maladi Chicungunya frape Ayiti. Radyo Karayib fè bèl rale ak Minis
sante a Dk Florence Duperval Guillaume, epi maten an (26 me 2014) ak Dk Maurice
Fils Mainville. Nou kontan tande tout mobilizasyon ki fèt, kanpay kap pare. Gen
moun ki di tou nouvo tou bo. Gen lòt ki mande poukisa nou pat mobilize konsa
kont malarya. Genyen ki kwè chicun lan tou enstale isit, nou pap ka elimine l.
Mwen, m prefere panse Chicun nan,
oubyen kaselèzo a, se yon opòtinite pou n tou fini ak yon seri maladi tankou
malarya, deng, lafyèv jòn, elatriye. Batay kont Chicun lan se batay kont
moustik ak lòt ensèk nuizib. Sou Radyo Karayib maten an Bob C lese konprann
fimigasyon an pa yon bon mwayen pou toke kòn ak kaselèzo ; yon doktè ta fè
l konprann moustik aedes la, oubyen moustik tig la, se anndan kay li viv,
kidonk lafimen an pap atenn li. Se petèt vre. Men tèlman konn gen difikilte pou
nou jwenn mwayen pou n fè fimigasyon ak tretman jit kont malarya, si
Chicungunya te ka atire atansyon sou de mwayen lit sa yo, se tap yon chans san
parèy poun vrèman kwape malarya. Lit kont Chicungunya ap ede nou kwape malarya.
Aktyèlman, soutyen nan lit kont
malarya a prefere mete medikamen Klowokin ak Primakin disponib nan sant yo. Pito
n geri pase n prevni ? Mezanmi ! Batay kont zaselèzo a te ka ede
popilasyon an konbat malarya. Sitou Chicun pa touye moun alòske malarya ap fè
ravaj. Nou nan epòk malarya konn bay anpil pwoblèm (lapli, siklòn…). Ann
pwofite !
Wêchévains, DJAB
Bon atik Dk. sel pwoblem ki genyen se ke tout mobilizasyon ou tander ki genyen am se pa pou ferr disparet maladi à men se pou Vinn poter koz la bay mesure le blan pou di nou pa kapab,le sa wap tander blan des kdo o. kantite grenn épi ki vo Keller milyon dola,épi après Dink âne ta bas bill ou pou yyo diw men konben yo depanser nan kouri fêter choucoun pa.dan keu yo pap diw konbyen yo ferr so dol.
RépondreSupprimerTèt chaje, gason !
Supprimer